Parent Letter HaitianCreole

Pine Hills Elementary

Library Media Center 

(407) 296-6500, ask for Mrs. Law 

 in the Media Center 

 

Chè paran:

 

Byenveni nan nouvo ane lekòl nan Pine Hills Elementary. Non mwen se Madame Beth Law, epi mwen se Espesyalist Medya/Bibliyotèk. Tanpri edem fè pitit ou wa remen itilize bibliyotèk pandan tout vi l’. Pitit ou wa ka prete liv epi l’ap patisipe nan aktivite ka  fèl vin remen li ak remen Bibliyotèk.

 

Tanpri ede ak ankouraje pitit ou a 

  1. Kenbe liv yo ak swen epi men pwòp

  1. Chèche youn kote ki an sekirite lakay ou pou w’ mete liv yo, lè ou pap li yo

  1. Mete liv la lwen ti bebe, bèt, ak manje ak bwason

 

An tan ke paran nou sipoze bay èd tou:

  • Li liv ak pitit ou. Pale de imaj ak mo yo. Pran plezi nan liv la ansanm ! Paran ki gen timoun ki pi gran ka diskite sa yo li a avè yo.

  • Chak 2 semèn pitit ou wa ap retoune liv epi chanje l’ pou lòt liv nan bibliyotèk la. Elèv la ka chanje liv la lè bibliyotèk ouvri nepòt jou pandan semèn nan

  • Si gen yon bagay ki pase, liv la domaje, tanpri pa eyseye ranje’l poukont ou.Voye l’ nan lekòl la ak yon nòt epi m’ap fè tout sa m’ ka fè pou w’ pa oblije paye pou li oswa ranplse liv la. Si you liv pa ka ranje ouswa pèdi, n’ap mande pou w’ peye pou liv sa.

 

Mèsi pou sipo ou !  

Sinsèman, 

Beth Law 

Espesyalis medya bibliyotèk